Ayiti : 100 000 pasyan anviwon ki te trape kolera jwenn swen nan MSF

14 Janvye 201
News HaitiAction.net 
About Events Talk News Links Home

Ayiti : 100 000 pasyan anviwon ki te trape kolera jwenn swen nan MSF

MSF - POTOPRENS

Pandan ke Ayiti komemore moun ki te disparèt nan tranbleman tè lane dènye
a, rapidite ke kolera a tap pwopaje a sanble ralanti nan nò peyi a ak nan
Pòtoprens. Men, toutfwa okenn moun pa an mezi pou l' fè previzyon sou
epidemi an, e ekip Medsen San Fwontyè yo rete toujou vijilan.

Kantite moun kap vin pran swen yo bese nan kèk sant tretman kolera ke MSF
gen nan Pòtoprens lan, menm jan ak nan depatman Nò ak Nodwès la. Chif yo
toujou ret stab nan zòn Latibonite, Ki se kote premye ka yo te declare. Nan
Sid, kantite pasyan ke MSF te bay swen yo rete relativman fèb, menmsi te
gen yon ti kras ògmantasyon dènyèman.

Nan plizyè sant tretman MSF yo, tant yo, ki te oparavan ranpli ak pasyan,
yo tout vid kounye a. Tretman kolera a telman efikas, pasyan yo generalman
vin an mezi pou yo antre lakay yo byen rapid aprè kelke jou. Pakonsekan, si
kantite nouvo malad yo ap bese, sa vle di ke aktivite medikal yo ap bese
rapidman, yo menm tou.

Se pa tou yon rezon pou n' rele viktwa. « Diminisyon kantite pasyan yo pa
vle di ke nou genyen batay la », selon Kate Alberti, ki se yon
epidemyolojis kap travay pou MSF an Ayiti. « Kolera a ka parèt lè pèsòn ka
pat janm panse l', menm jan ak nan yon peyi ki pat janm genyen l' deja.
Peryòd lapli ki tou prè ya, ka yon nouvo koz ki ka deklannche l' ankò, menm
jan ak pwoblèm social yo. »

Manifestasyon yo ak vyolans ki te rive pete nan fen lane 2010 la te fè yon
gwo ogmantasyon maladi kolera a nan Pòtoprens, paske yo te pèmèt popilasyon
an paka pran swen.

Semèn pase ya, MSF te trete 5 000 pasyan nan 50 strikti espesyalize l' yo
ki nan tout peyi a, sa ki vin fè kantite total moun ke MSF bay swen, nan
sant lap dirije oswa sa lap soutni, rive a 97 000 depi lè epidemi a te
kòmanse a. Sa egal ak plis pase mwatye 181 829 ki se kantite ka epidemi ke
otorite nan zafè sante yo te deklare ki pran swen. An plis de sa, chif
ofisyèl yo fè konnen ke maladi a gentan touye 3 759 moun depi 22 oktòb
2010.

Yon lòt kote, MSF te distribiye tou materyel pou mizan plas pwen
reyidratasyon oral nan yon seri zòn ke maladi a pot ko pran yon gwo nivo,
menm jan tou nan yon seri rejyon ak vilaj ki byen lwen kote ke bezwen
medikal yo pat janm kouvri pa pòs sante yo.

Plis ankò, MSF kontinye asire sèvis medikal gratis li yo nan (7) sèt
lopital swen segondè li yo ansanm ak nan de (2) lopital leta ke lap soutni
nan Pòtoprens. Oganizasyon an pote swen obstetrik nan kad pasyan a gwo ris
yo, ak swen an ijans, swen twomatoloji, menm jan ak tretman nan kad brile
grav. An deyò kapital la, MSF ap jere yon lopital nan Leogann ak tou, lap
bay yon lòt lopital piblik nan Jakmel èd li tou.

MSF gen yon kantite 7 500 ayisyen ak 430 anplwaye entènasyonal kòm pèsonèl
sou teren-an kap fè fonksyone aktivite pwogram li yo ansanm ak lit kont
kolera a.

Mario Altenor
NYC Desk Communication Haiti-Diaspora
Doctors Without Borders/Médecins Sans Frontières (MSF)
+1 917 291 3697
333 7th avenue New York, NY 10001-5004
www.doctorswithoutborders.org


Share this story with your networks

| More

Contact us: info@haitiaction.org

click button above

 

see also on HaitiAction.net

Aristide supporte

Many came to the rallys after they hearing of Céant's commitment to Aristide. The overwhelming part of the crowd joins in on pro-Aristide shouts and songs.

Click here to view 195 image photo gallery for this story

Part 3
Céant tackles Haiti's current issues with a surprising alliance between bitter rivals Nov 20

Part 2
Céant campaign hits the road, calling for the return of Aristide Nov 16

Part 1
Thousands demonstrate for Aristide and Jean-Henry Céant in Haiti's popular neighborhoods Nov 14

BAI protests Haiti Recovery Commission's contempt for Earthquake victims Oct 13

Haiti: US Congress members warn Clinton to include Lavalas in elections Sep 30

Haiti's Earthquake Victims: "We Have Been Forgotten" Sep 24

Rev. Jeremiah Wright: "Let's tell the truth about Haiti" Sep 21

Hurricane IGOR will not threaten Haiti, but natural gas futures rise… Sep 13

Pursued by France for Haiti Hoax, group holds press conference in Montreal Jul 21

Thousands in Haiti march on Aristide's birthday Jul 16

"We want our voices to be heard":
Democracy in Haiti's Earthquake Zone
May 3

Haiti: Mobile schools in the Earthquake Zone Apr 3

Haiti: hell and hope Jan 28

On the ground in Port au Prince Jan 28

Lavalas closed the doors again, elections in Haiti a disaster for Lespwa government Jun 27

"Thank you Bill Clinton" — one more assassination by UN troops in Haiti Jun 20

 

Haiti Action Committee pamphlet: We Will Not Forget

 

Contact us: info@haitiaction.org