"Rezistans" by Sò Anne: Chante / Lyrics

News HaitiAction.net

Chante / Lyrics to
"Rezistans"

English translation below

Rezistans o rezistans o nou se yon pèp ki genyen rezistans (4x)

Nou pase trant sezon doulè, nou pran nan toubiyon malè
Nou panche men nou pa tonbe, nou se yon pèp ki genyen rezistans
Nou pase jounen san manje, nou travèse dezè a pie
Nou fè nuit san n pa fèmen je n, nou se yon pèp ki genyen rezistans

Rezistans o rezistans o nou se yon pèp ki genyen rezistans (4x)
Rezistans, rezistans, rezistans, rezistans, rezistans, rezistans, rezistans (2x)

Nou aprann mache anba tè, kenbe souf nou anba lanmè
Defann tèt nou kont tout move zè, nou se yon pèp ki genyen rezistans
Yo pile n yo pa sa kraze n, yo mouye n yo pa sa vale nou
Nou di pase yon ròch kòlòròch, nou se yon pèp ki genyen rezistans

Yo fè nou konn chimen prizon, fèmen n nan kan konsantrasyon
Men nou pa pèdi direksyon, nou se yon pèp ki genyen rezistans
Lesklavaj ou lokipasyon anyen pa janm rive fè fen n
Nou chape anba tout mannèv, nou se yon pèp ki genyen rezistans

N al nan lanfè san nou pa mouri, nou troke kòn ak Lisifè
Nou di li nou kwè nan paradi, nou se yon pèp ki genyen rezistans
Nou pase trant sezon doulè, nou pran nan toubiyon malè
Nou panche men nou pa tonbe, nou se yon pèp ki genyen rezistans

English Translation

Chorus
Resistance o resistance o we are a people who have resistance
Resistance o resistance o we are a people who have resistance
Resistance o resistance o we are a people who have resistance
Resistance o resistance o we are a people who have resistance

We have endured 30 seasons of pain
We are trapped in a tornado of danger
We are bent/stumbled but have not broken/fallen
We are a people who have resistance
We spent days without food
We crossed the desert on foot
We spent nights without closing our eyes
We are a people with resistance

Resistance o resistance o we are a people who have resistance
Resistance o resistance o we are a people who have resistance
Resistance, resistance, resistance, resistance, resistance, resistance
Resistance, resistance, resistance, resistance, resistance, resistance

We have learned to walk under ground
Hold our breath under the sea
Defend ourselves against evil spirits
We are a people who have resistance
They have stepped on us but can't squash us
They have shewed/moistened us but can't swallow us
We are hard as a rock
We are a people with resistance

Chorus


They have made us know the way to jail
Shut us in concentration camps
But we have not lost our objective
We are a people who have resistance
Slavery or occupation nothing has eliminated us
We have escaped under all maneuvers
We are a people who have resistance

Chorus


We went to hell even though we are not dead
We came butted head with Lucifer
We told him we believe in paradise
We are a people who have resistance
We have endured 30 seasons of pain
We have been taken by tornado of danger
We are bent but have not fallen
We are a people who have resistance

Chorus

©2004 Haiti Information Project - Sister Anne, Pro-Aristide Lavalas leader Annette Auguste (Sò Anne) at her arraignment while many demonstrators protest nearby demanding her release - May 13 2004
© 2003 Kim Ives - Sò Anne and her choir singing at the 2003 PPN Congress