Bon Fet Titid!
July 15, 2005
News HaitiAction.net
About Events Talk News Links Home
Last year the Lavalasien of Bel Air commemorated President Aristide's Birthday with this march down the hill. South Africa's President Thabo Mbeki might have seen this picture on HaitiAction.net and wrote the column, "Haiti after the press went home." This year — in an even more dangerous Haiti — 5,000 supporters marched on his birthday to protest the UN massacre in Citè Soleil.

Bon Fet Titid!

Bò lane 80 yo, yon semans te simen, semans sila donnen jouk
On lè, li vin yon pye bwa, pye bwa sila a se pye bwa lapè
Non sèlman lapè nan tèt, lapè nan van, men lapè tou patou

Fout tonnè, malfektè san manman nasyonal ak entènasyonal
Etone wè malgre tout kalte pilonnay, li grandi, 29 fevriye pase yo koupe l
Tout fin anraje pou derasinen l, men yo pa kapab e y ap poze tèt yo kesyon

Pouki pye bwa sila tout kalte kou trèt fè parèt kòtchò, pa ka mouri?
Rete menm sa tou yo pa konnen. Tout jounen yo nan gwo liv
E e, pouki yo pa ka jwenn repons kesyon an, bèl pwomès ak franse
Zuzu se la priyè sila yo ki di yo entèlektyèl, dekilakyèl.
Ide yo vin fiks, kanta detwui l fò yo detwui l. Men gen bagay yo bliye
Dantan zansèt yo, sèman te fèt: osnon nou lib, osnon nou mouri
Anpil vanyan tonbe, anpil lòt ap toujou leve pou di vyèj pete je n
Nou p ap ret ak moun ankò. Se san sa yo ki toujou koule ki nouri pye lapè a

Tout mèt sote, yo mèt ponpe, kèlke swa magouy ak kou chen mode an trèt yo ka
Imajine, Ayiti ap toujou la. Kou sou kou, kou apre kou, Ayiti la pi rèd.
Tan ale, tan tounnen, dwa vòt nou an nou p ap pèdi l. Rezistans, mobilizasyon pasifik
Ideyoloji lavalas ak pa Tousen Louvèti a se menmman parèyman, fòk Ayiti viv!
Desalin tonbe, Titid leve pou yon sosyete miyò kote lapè ak lajstis se wa!

BON FET TITID!

Bonjou tout moun,

Messaj sila se pou swete Prezidan nou an Bòn Fèt.

Euvonie Auguste

Valid XHTML 1.0! Valid CSS!