Rapò sou sitiyasyon kite pase nan Beladè nan
 mwa jen pou rive nan desanm 2002

News HaitiAction.net

See more photos from:
-
The Cap Haitien March
-
The Caravan for Justice
    Rapò sou sitiyasyon kite pase nan Beladè nan mwa jen pou rive nan desanm 2002.

    Nap mande yon asistans pou tout moun ki soti nan Bèladè, paske lè ansyen militè ak FRAP te soti an Repiblik Dominikèn se premye kote yo anvayi, konsa moun sa yo nan yon sitiyasyon ki trè kritik fas a kondisyon ke yap viv nan moman sa a, an menm tan nou di w pou aprè yo finn kidnape prezidan Aristid yo vinn nan kondisyon ki pi katastwofik, avan prezidan ale yo konn sikile, men aprè yo pakap ditou, ditou.
    Se poutèt nap mande yon asistans pou moun sa yo, paske yo kontinye pou chache menm nan kapital.

    Men lis moun sa yo :

    1- Cléodor Souverain
    2- Levelt Rival
    3- Eliodor Denaud
    4- Isaël Jean
    5- Felix Bruno
    6- Rodolphe Ramarais
    7- Vilcemé Rosalvard


    Cléodor Souverain
    Beladè

    Mwen se Kòdonatè fanmi lavalas nan Beladè depatman Sant, mwen te travay an kòdinasyon ak tout manm fanmi an ki nan komin lan, depi nan mwa desanm 2002, mwen te oblije kite kay nan beladè pou m vinn refijye nan pòtoprens, paske te genyen yon gwoup nèg ame jisko dan kite debake lakay mwen pou te touye m ak tout fanmi m, lè yo rive nan kay sa a, yo pat jwenn mwen, mwen te gentan mawon, yo te asasine 5 moun yo te jwenn nan kay sa a.

    Men non 5 moun sa yo touye na yon sè kay:

    1- Souverain Rosita (24 ane sè m)

    2- Souverain Nathalie (17 ane yo te tire nan vajen l ak 2 katouch)

    3- Brizard Mimose (38 ane zanmi fanmi m)

    4 Brizard Dubiusson 35 ane frè mimose

    5- Louis Ramil 14 ane domestik

    Et yon ti gason ki genyen 4 ane te resevwa yon katouch nan kolòn vètebral li tou paralize.

    Tout bagay sa yo te pase avan yo te kidnape prezidan Aristid.

    Aprè prezidan Aristid finn ale nou genyen plis pwoblèm toujou, nou pakab pou sikile ditou, nou vinn nan yon sitiyasyon ke menm pòtoprens kouneya nou pakab rete paske ansyen Militè ak FRAP ap chèche nan tout kote nan kapital la, pou kapab touye nou.

    Men kijan aksyon an te pase ;

    Na nwit kite 23 o 24 jen 2002, ansyen militè ak FRAP te asasine 5 manm nan fanmi m.

    Clotaire Jean Baptiste ( ansyen militè)

    Remicinthe Ravix ( ansyen militè)

    Voltaire Jean Baptiste alias poitille ( FRAP) ansyen chofè
    Michel françois pandan lane 1991 rive lane 1994

    Bell Panel ( Asek espas konsètasyon) sivil ame

    Edouard Casimir ( manm konvèjans demokratik ) sivil ame

    Tout moun sa yo se gwoup Rebel Fon Rejistans nan Gonayiv e yo te nan Hinche nan asasina direktè depatmantal polis M. Jonas Maxime 15 fevriye 2004.


    Nou genyen Clotaire Jean Baptiste et Remicinthe Ravix se yo ki anndan Akademi polis pou fè rekritman pou tout ansyen militè nan polis nasyonal PNH.
    Gen yon gwoup ansyen militè ki debake nan beladè, yo ale la kay mwen, piye, vòlè nan dat kite 17 fevriye 2004.

    Lè moun sa yo finn ale yo kite 7 ti moun san manman san papa sou responsabilite m, sa vinn lakoz mwen genyen plis pwoblèm toujou, paske yo te touye ni manman ni papa .
    000
    1-Micheline Brizard

    2-Miradelle Nestor

    3-Phama Nestor

    4- Bussein Tiro

    5-Gilene Nestor

    6-Rebeca Brizard

    7-Chantale Brizard
    e se sak fè map mande sekou ak tout konpatriyot nou yo, pou ede n, paske nou paka ale an repiblik dominikèn paske se la baz yo chita.

    Map lanse yon apel an ijans pou ti gason ki gen 4 ane ki paralize, kisa nou kapab eden avèl souple, non li se Hussein Bertrand.


    Aprè yo soti an Repiblik Dominikèn yo retounen ak menm aksyon ankò.

    28 novanm jij Christophe Lauzama akonpanye Cleonor Souverain , majistra Jn Robert Paldomaire ak Remarais Rodolphe ta prale fè yon konta nan yon lokalite yo rele ( kinpe ) yo te rankontre ak yon manifestasyon man konvèjans demokratik yo tap fè, yon ansyen leopa ki rele Serge Etienne te ouvè katouch, li touye jij Lauzama ak 3 lot moun ki te sove te jistès.

    ∑ 10 desanm 2002 nan lokalite Pènal 3e seksyon Riyarib asayan ak sivil ame ak gwo zam fann fwa rantre nan kay Eliodor Denaud Kòdonatè kasèk fanmi lavalas yo kraze tout sal te pwosede li 9 pitit ak madanm, depi lè sa a se mawon yo ye.


    ∑ Levelt Rival Kòdonatè fanmi lavalas 3e seksyon riyarib 13 desanm 2002 toujou nan komin Beladè, a 1 nè nan maten aprè yon afontman lapolis ak ansyen militè, aprè yo debake lakay mwen kraze tout sam te pwosede ak katouch, se nan jaden bannan mwen lage ak tout 7 pitit mwen ak madam mwen, e mwen te genyen yon lekol yo kraze tout ban, yo kraze lekol la tou.

    * Se menm ka pou Isaël Jean Kazèk fanmi lavalas13 desanm 2002 a 3 zè nan maten
    yo debake nan kay li kraze tout sa genyen menm kabrit ki te lakou a, yo touye, li gen 4 pitit, men non moun ki montre kòmando kay li, se Moïse Celestin ak Golman.

    ∑ 10 desanm 2002 militè ak FRAP yo touye

    ∑ Erezman Joseph
    ∑ Léonie Laverne
    ∑ Caridor Dorirnvil
    ∑ Sincère Joseph
    ∑ Jean Harry

    23 jen 2002 yo fè menm bagay sa a ankò yo touye

    ∑ Wilfrid Dénaud
    ∑ Maréus Pierre

    Felix Bruno
    Aprè tout aksyon sa yo, yo te deside rann yo nan Laskaobas, pandan yo tap prale yo, yo pat epanye piye, sakaje kay Félix Brunel, chans pal, li pat dòmi lakay mwen jou zwa a mwen te nan Laskaobas pou yon 2e fwa kote yo touye.

    ∑ Colean Pradel
    ∑ Dadou Pierre

    Se mwen ki te premye fè polisye o kouran nan komisarya laskaobas tout moun kite mouri nan plato Santral.

    Jou kite 26 jen 2002 ansyen militè kite okipe kafou Wasèk yo kidnape epi touye 4 moun nan fanmi m, pami yo gen yon kouzen ke yo akize kòmkwa li konn mennen aktivite politik avèm.
    Men nan ki sitiyasyon mwen depi mwa jen 2002, mwen pa bezwen rakonte w, aprè prezidan Aristide finn ale ki tray nap pase anba men ansyen militè ak FRAP.


    Se menm sitiyasyon pou Rodophe Demarais

    Toujou nan Plato santral

    Mwen rele Israël Jean Kazèk fanmi lavalas nan plato santral :

    Mwa desanm 2002, asayan yo te antre nan penal yo rantre la kay mwen, se yon zanmi ki pèmèt mwen pou mawon lakay li ak tout madam ak pitit mwen.

    Aprè yo te finn kidnape prezidan Aristid la mwen vinn genyen plis pwoblèm toujou, jou kite 17 mas ansyen militè yo te rantre lakay mwen sou preteks yap chache tout manm lavalas pou touye yo, yo kraze tout sa m te pwosede, machinn a koud, yo pa menm kite kite men anplasman kay la pou mwen pou viv ak fanmi m.

    17 fevriye 2004 aprè yo finn tire direktè polis Maxime Jonas, tout polisye te abandone komisarya Beladè e yon gwoup ansyen militè ak FRAP te pran komisarya sa a an otaj, paske tout polisye ten an mawon.

    Teenagers killed in Belladères: Louis Ramil, 14 years old - a servant in Fanmi Lavalas official's home - and Natalie Souverain, 17 years old - killed by 2 bullets in the vagina - were assassinated by former military . The armed groups of ex-soldiers and members of the paramilitary group FRAPH who served in the pay of the U.S. and France organized extremely murderous campaigns against the border population well before this.
    Hussein Bertrand,
    a 4 year old boy was hit by a bullet in his spine and survived
    Rosita Souverain, 24 years old was the sister of Cleodor Souverain a Fanmi Lavalas official in the Central Plateau.
    Nathalie Souverain,
    17 years old. Five people, who were at the home of Cleodor Souverain were brutally assassinated when the former soldiers discovered that he was not there.
    Mimose Brizard, 38 years old, a friend of the family
    Dubuisson Brizard
    35 years old, brother of Mimose
    Louis Ramil - 14 years old - worked in Cleodor Souverain's home